{"product_id":"book-g4kc","title":"Suzette ak Chat Yon Sèl Grenn Je a","description":"\u003cp\u003eÈske w ap chèche yon fason pou apwoche sijè adopsyon an ak pitit ou? Men, yon fason ki inik. Yon ti fi yo te adopte te deside pou li vwayaje pou premye fwa an Ayiti pou l al rankontre ak fanmi matènèl li yo. Paran adoptif li yo te akonpanye l, men li te pè anpil.\u003c\/p\u003e\u003cp\u003ePoukisa paran matènèl li yo pa t kenbe l?\u003c\/p\u003e\u003cp\u003eÈske li te genyen kèk pwoblèm?\u003c\/p\u003e\u003cp\u003eÈske se paske li te tèlman diferan ki koz yo pa t kite l rete ak yo an Ayiti?\u003c\/p\u003e\u003cp\u003eKijan de moun yo ye?\u003c\/p\u003e\u003cp\u003e \u003c\/p\u003e\u003cp\u003ePandan li rive nan vilaj kote li te pran nesans lan, li te fè anpil eksperyans. Li rankontre frè ak sè li yo ak yon chat ki te genyen yon sèl grenn je. Rankont li ak chat la te enpresyone l anpil e sa te atire lespri l anpil tou. Istwa l ak chat la te tèlman dire lontan nan lespri l pou Suzette se sa a ki te kle vwayaj la.\u003c\/p\u003e\u003cbr\u003e\u003cp\u003eVin swiv Suzette nan avanti sa a pou l jwenn tout verite ki andedan fon kè l.\u003c\/p\u003e\u003cp\u003e \u003c\/p\u003e\u003cp\u003eAvèk anpil eksplikasyon, ak yon langaj fasil, liv sa a touche sijè adopsyon ak tout santiman yon timoun ka santi lè li rankontre fanmi matènèl li.\u003c\/p\u003e\u003cp\u003eLi se yon bèl liv sipò, pou paran adoptif yo, oswa yo ka itilize l nan lekòl pou pale timoun yo de diferan kalite fanmi ki egziste.\u003c\/p\u003e","brand":"INAudio","offers":[{"title":"Audiobook","offer_id":49417231008048,"sku":"BDg4kc","price":4.15,"currency_code":"USD","in_stock":true}],"thumbnail_url":"\/\/cdn.shopify.com\/s\/files\/1\/0879\/2784\/9264\/files\/g4kc-Square-cover.jpg?v=1773468826","url":"https:\/\/downpour.com\/products\/book-g4kc","provider":"Downpour","version":"1.0","type":"link"}